
Rekonsepsyon tanporè Cummins Highway
Pou nou reponn ak enkyetid ijan sou sante ak sekirte, n ap pote kèk chanjman tanporè sou Cummins Highway.

N ap planifye pou nou rekonstwi Cummins Highway komplètman soti River Street rive nan kafou Harvard Street ak Wood Avenue.
N ap planifye pou nou rekonstwi Cummins Highway soti River Street pou rive Wood Avenue/Harvard Street (liy roz sou kat anvan an).
Sa vle di nou pral:
- Konstwi nouvo twotwa
- Kreyee pi bon pasaj
- Instale nouvo poto limyè
- Plante pye bwa
- Ranje wout la
- Mete pi bon wout pou bekàn
Kounye a, gen yon rekonsepsyon tanporè an plas
Konsepsyon tanporè a ap reponn bezwen sou sante piblik ak sekirite. Nou te enstale konsèp tanporè a pou te ka fè chofè yo ralanti epi amelyore sekirite. Li kreye tou plis epas pou aktivite fizik ak bay pi bon aksè ak pak ansanm ak plas piblik yo. Soti deyò san danje, nan yon fason pou kenbe distans ak moun ka pote benefis sante fiizik ak mantal ki vrèman enpòtan.
Pandan plizyè lane, Cummins Highway te sanble ak yon otowout.
Li te gen de vwa nan chak bò lari a ak yon separatè nan mitan. Te gen ti plas pakin tou piti bò twotwa yo. Pat gen anpil pye bwa.

Konsèp tanporè a te chanje kèk bagay.
Nou diminye kantite vwa yo pou ka fòse chofè kondui ak 25 mph. Nan kèk kafou ki gen sinyalizason, nou kite vwa anplis.

Pasaj pyeton ki pi an sekirite ak mwens konfli ak machin
Konsèp tanporè a ap pèmèt moun travèse lari a yon vwa alafwa. Sa gen mwens danje ke lè w ap travèse de oswa plis vwa—espesyalman pou moun ki aje, timoun, ak moun ki andikape.

Amelyore vizibilite nan kafou yo
Nou rekile limit kote macchin pake tou prè kafou yo. Sa ap rann li pi fasil pou youn ka wè lot: machin nan ti wout dekoupe yo, machin sou Cummins, pyeton, ak moun ki sou bekàn.
Ti mak vèt yo la pou fè chofè machin ak moun ki sou bekàn yo veye youn lòt nan espas sa yo.
Espas pou bis yo kanpe
Konsèp tanporè mete yon espas pou bis yo kanpe tou prè twotwa a. Moun ka monte desann bis yo san danje. Konsa chofè machin ka pase devan bis MBTA yo lè yo kanpe. Moun sou bekàn ta sipoze kanpe dèyè bis yo oubyen yo ka chwazi pase nan lari a.
Sonje! Ou sipoze kanpe lè yon bis lekòl kanpe, nan nepòt ki liy ke ou ye.
Espas pou fanmi monte bekàn ak eskoutè ansanm
Nouvo liy bekàn yo se konsèp ki gen plis sekirite pou fanmi. Yo bay moun aksè ak Neponset Greenway nan Mattapan Square.
Nou pote chanjman sa yo pou reponn ak bezwen ijan w yo.
Chanjman sa yo tanporè. Lè nou rekonstwi Cummins, nap itilize yon lòt konsèp.
Fè vitès sou Cummins Highway se yon gro pwoblèm. Lè yon moun ap kondui a 35 mph epi li frape yon pyeton, moun sa a gen 50% chans pou li blese grav oubyen mouri.
- Oktòb 2018, sou chak 3 chofè machin te gen youn ki tap fè 35 mph oubyen plis -- malgre limit la se 25 mph.
- Mas 2020, Depatman Transpòtasyon nan Massachusetts rapòte ke vitès sou Cummins te 1.5 a 2 fwa plis ke yo te ye an Mas 2019.
- An Desanm 2020, nou rasanblee done konsènan vitès chofè machin sou Cummins. Kantite chofè machin ki te konn fè 35 mph ou plis redui a 60%.
An jeneral tan li pran pou konduwi sou Cummins pa twrò chanje pa rapò akde tan li te yepran avan enstalasyon konsèp tanporè a. Nou konprann ke gen ti blokis ki ajoute, sitou lè jou machin fatra a oubyen lè bis yo pa kanpe sou kote. Konsèp final la gen pou adrese tout pwroblèm sa yo.
Materyèl kòmantè vwazinaj yo sou rekonstwiksyon Cummins Highway nan yon reyinyon piblik an 2019.
Anjeneral tan li pran pou kondui sou Cummins pa twò chanje pa rapò ak li te ye avan enstalasyon konsèp tanporè a. Nou konprann ke gen ti blokis ki ajoute, sitou lè jou machin fatra a oubyen lè bis yo pa kanpe sou kote. Konsèp final la gen pou adrese tout pwoblèm sa yo.
Nou gen plan pou nou rekonstwi Cummins Highway soti River Street pou rive Wood Avenue/Harvard Street. Envestisman sa agen pou l pote bon rezilta tankou twotwa ki pi aksesib,pasaj pyeton ki san danje pou moun aje ak ti moun, nouvo pye bwa, pakin bò twotwa, bèl poto limyè, ak anpil lòt bagay.
Nou te kòmanse diskite pwojè rekonstwiksyon sa a depi Avril 2019. Nou te pataje datay yo nan rasanbleman piblik yo ak gwoup katye yo. Pwosesis pou vini ak konsèp la poko fini. Nan mwa kap vini yo, w ap ka patisipe nan rasanbleman yo ak kèk progam pou ka pran enfòmasyon sou konsèp final la.
Pakin Sou Cummins
Rekonsepsyon tanporè a chanje kèk bagay nan zafè pakin sou Cummins Highway.
Si ou se chofè a oubyen ou chita dèyè chofè a, toujou gade avan ou ouvè pòt machin lan. Tann lè machin yo fin pase.
Dyapozitif annapre a gen kèk konsèy sou zafè pakin lan. Klike sou flèch sou kote yo pou ka avanse devan ak tounen dèyè. Nou gen kèk videyo tou kap montre w kòman pou pake, travèse, ak monte bekàn nan jan de konsèp lari sa a.
Kisa ki gen pou vini?
N ap planifye pou rekonstwi Cummins Highway soti River Street rive nan kafou Wood Avenue ak Harvard Street.
Jan de pwojè sa a gen pou wè ak rekonstwi twotwa, ranje lari a, mete nouvo poto limyè, plante pye bwa, ak anpil lòt bagay. Se yon envestisman k ap dire lontan pou moun ki rete Mattapan jodi a.
Nan mwa k ap vini yo, w ap gen chans pou patisipe nan diskisyon ki gen rapò ak transpò sou Mattapan. W ap gen posibilite pou pataje ide pa w sou konsèp final la pou Cummins Highway.
Ekip k ap travay sou pwojè a disponib pou pale avè w konsènan konsèp tanporè a ak tout lòt etap nan konsèp final la. Nou ofri randevou 15-minit lè Mèkredi 3è pm ak 7è pm. Ou ka enskri sou entènèt oubyen rele nan 617-635-4966.